Eleksyon sou pouvwa ou. Nou te fè.
Pwogram Fon an Kontrapati NYC a bay moun New York òdinè yo yon bon mwayen pou fè lidè yo fè travay yo. Li ajoute fon piblik sou kontribisyon ou yo pou kandida yo kapab konsantre yo sou kominote yo sèvi yo—se pa jis sou donatè ki pi rich yo.
*Videyo a Disponib Kounye a nan Lang Anglè Sèlman. Gen Lòt Lang k ap Disponib Anvan Lontan*
New York se pwopriyete popilasyon an. Pwofesè yo, enfimyè yo, chofè taksi ak chofè ki fè livrezon yo, pwopriyetè ti antrepriz yo. Se nou menm ki fè vil la kontinye fonksyone. Se nou menm ki fè vil sa a sa li ye a. Antanke moun New York òdinè, nou vle pou lidè nou yo rann kont. Èske yo konprann sa k ap pase nan katye nou yo toutbon? Nou eli lidè ki di y ap goumen pou nou. Men, twò souvan nan politik lokal, moun ki gen enterè espesyal yo depanse plizyè milyon dola pou yo achte enfliyans. Ki rezilta?
Lè se gwo chabrak ki finanse kanpay yo, lidè yo gen kont pou yo al rann yo, se pa moun New York òdinè yo. Men isit la nan Vil New York, moun òdinè yo kapab reyini ansanm pou yo asire yo lidè yo rann nou kont. Kijan? Gras ak Pwogram Fon an Kontrepati vil la. Men kijan l fonksyone. Nenpòt lè yon moun New York bay yon ti kontribisyon pou yon moun ki kandida pou fonksyon minisipal, nou ajoute sou li epi nou miltiple li pa uit. Kidonk, yon kontribisyon 10 dola vin tounen 90 dola, kandida a kapab depanse nan afich, evènman, ak lòt aktivite pou l rive touche elektè yo.
Pwogram fon an kontrepati a rann li pi fasil pou tout moun New York kandida pou fonksyon, pi fasil pou moun kore kandida yo kwè ladan yo a, epi li rann pi difisil pou gwo chabrak enfliyanse eleksyon yo. Sa vle di ou pa bezwen rich pou kandida pou fonksyon epi genyen eleksyon an. Epi ou pa bezwen bay plizyè milyon dola pou fè yon diferans nan yon kanpay politik ou kwè ladan l. Pwogram fon an kontrepati a rann li pi fasil pou tout moun New York kandida nan eleksyon. Epi nou ede moun New York yo chwazi lidè ki kapab rann kont bay popilasyon an.
Nou egzamine chak grenn dola ki kolekte e ki depanse nan eleksyon lokal yo pou n asire nou kandida yo respekte prensip yo ak règ jwèt la. Lè Kandida oblije di kote chak grenn dola soti, elektè yo kapab wè kiyès k ap sipòte kanpay yo. Lè moun New York òdinè yo mete tèt ansanm, nou kapab reyalize gwo chanjman. Ti kontribisyon nou yo kapab fè yon gwo tonton diferans. Gras ak pwogram fon an kontrepati a, menm yon kandida moun pa konnen kapab kandida pou fonsyon epi genyen eleksyon an. Donk al mache di moun sa. Epi pa bliye, vote se pa sèl mwayen pou fè tande vwa w. Jwenn plis enfòmasyon nan lyen sa a nycvotes.org/matchingfunds.
Kisa pwogram fon an kontrepati a ye?
Li pran ti kontribisyon ou yo epi miltipliye yo.
- Pou chak kontribisyon ki rive jiska 250$, pwogram nan bay yon kontribisyon ki egal ak yon to 8$ pou 1$. Kidonk, si w bay yon kandida 10$, nou bay 80$ nan fon piblik la. Donk, kanpay la jwenn 90$, sa ki pèmèt li peye frè yo tankou pèsonèl la oswa materyèl kanpay la.
 
Li ba w yon posiblite pou patisipe.
- Prezante pou fonksyon pa ta dwe sou ki moun ki gen plis lajan. Li ta dwe sou kiyès ki vle fè pi gwo enpak epi ede plis moun.
 
            Poukisa pwogram fon an kontrepati a enpòtan pou NYC?
Pwogram fon an kontrepati an:
- ede Nouyòkè yo prezante pou fonksyon.
 - Asire ou lajan ou kolekte difisilman ale pi lwen.
 - Vle di kandida yo reponn ou.
 - Ranfòse transparans nan kòlèk lajan ak depans kanpay yo.
 - Bay vwa ou fòs sou izolwa.
 - Kreye yon administrasyon ki divès menmjan ak moun li reprezante yo.
 
Èske w te konnen? Avèk sipò Pwogram Fon an kontrepati Vil New York la, Konsèy minisipal ki te eli an 2021 an te konsèy ki te plis divèsifye nan istwa vil la tankou premye majorite fanm nan Konsèy la.
            Kijan pou kontribye nan pwogram fon an kontrepati a
Premyeman, yon kandida ki prezante pou Majistra, Kontwolè fiskal, Defansè piblik, Prezidan Awondisman an oswa Konsèy minisipal kolekte montan minimòm ki nesesè a (tablo anba a) pou l antre nan pwogram nan.
| Fonksyon | Fon minimòm ki kolekte | Kantite Donatè | 
| Majistra | $250,000 | 1,000 | 
| Defansè Piblik, Kontwolè fiskal | $125,000 | 500 | 
| Prezidan Awondisman an | $10,000 - $54,721 | 100 | 
| Konsèy Minisipal | $5,000 | 75 | 
Apresa, yon Nouyòkè tankou ou fè yon don dirèkteman atravè kanpay lan oswa atravè nou menm.
Èske w te konnen? Kontribisyon mwayèn lan nan sikl Eleksyon 2021 an te aprepè $150. Men, pa gen okenn kontribisyon ki twò piti!
Kidonk, ou te kontribye. E kounya?
Chak kanpay ki resevwa fon Piblik dwe bay detay sou kijan yo te depanse lajan an, ki pèmèt ou kenbe tras chak dola nan depans kanpay la.
Nan CFB a, objektif nou se pou nou asire nou kandida yo rann kont devan Nouyòkè yo, epi pou fon piblik yo depanse yon fason ki responsab.
Men pa jis pran li nan men nou. Ou ka suiv kontribisyon yo ak plis ankò ak Zouti Follow the Money (Swivi Lajan an).