Vote tankou yon moun New York. 

2025 se yon ane eleksyon nan tout vil la, sa ki vle di moun New York ki se manm nan pati politik yo pral pran chemen biwo vòt la nan mwen Jen pou yo chwazi (epi klase) kandida pou fonksyon lokal yo.

*Gid Elektè Anliy lan Ap Disponib Anvan Lontan

Fonksyon ki lye a tout vil la sou bilten vòt la

  • Majistra 
  • Kontwolè Vil 
  • Defansè Piblik  
  • Prezidan Awondisman an 
  • Konsèy Minisipal

Lòt fonksyon ki ka parèt sou bilten vòt ou a

  • Delege pou Konvansyon Jidisyè  
  • Delege Sipleyan pou Konvansyon Jidisyè a  
  • Pwokirè Distri (Manhattan) 
  • Jij Tribinal Sivil  
  • Adjwen 
  • Lidè Distri ki Gason 
  • Lidè Distri ki Fanm 

Aprann plis sou biwo yo sou bilten vòt la

Se yon eleksyon kote ou Vote pa Chwa Preferansyèl

Vil New York sèvi ak Vote pa Chwa Preferansyèl la nan eleksyon primè ak nan eleksyon espesyal yo pou fonksyon minisipal yo. Ou kapab klase 5 kandida nan lòd preferans olye pou w chwazi 1 sèl! Jwenn plis enfòmasyon sou Vote pa Chwa Preferansyèl la

Yon bilten vòt pou vote pa chwa preferansyèl ki gen bèt kòm kandida nan wòl yo epi nan lòd 1ye, 2yèm, 3yèm, 4yèm, 5yèm nan kolòn anlè yo

Eseye Bilten Vòt pou fè Pratik Vote pa Chwa Preferansyèl nou an

Kesyon Moun Poze Souvan sou Eleksyon Primè Mwen Jen an

Dat Kle yo

  • Change of Address Deadline | Primary Election

    Lendi, 9 jen 2025
  • Dat Limit pou Enskripsyon Elektè | Eleksyon Primè

    Samdi, 14 Jen 2025
  • Vòt Alavans | Eleksyon Primè

    Samdi, 14 Jen 2025 - dimanch 22 Jen 2025
  • Jounen Eleksyon Primè a

    Madi 24 Jen 2025