Konsènan Pwofil Kominotè yo
Pwofil Kominotè nou yo, ki te pibliye an 2024, bay yon apèsi vizyèl ak pratik sou to patisipasyon elektè yo, kontribisyon nan kanpay yo, fon an kontrepati piblik yo ak lòt faktè ki enfliyanse patisipasyon sivik nan Vil Nouyòk, selon Distri Kominotè.
Kijan yo te kreye yo
Pwofil yo rasanble done ki soti nan dosye elektè Vil Nouyòk, nan done finansman kanpay Komisyon Finans Kanpay Vil Nouyòk la, ansanm ak done demografik yo, pou ede w pi byen konprann moun ki nan kominote w la. Chak Pwofil Kominotè gen ladan l tou referans pou konte a ak pou tout vil la, pou w ka konpare kominote w la ak lòt kominote nan vil la.