Pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo pou 2026 nan Vil Nouyòk
Genyen senk pwopozisyon amannman yo fè nan Ak Konstititif Vil Nouyòk sou bilten vòt la sezon otòn sa a. Ou kapab vote "Wi" oswa "Non" pou chak pwopozisyon.
Ak Konstititif la fikse règ pou fonksyònman gouvènman Vil Nouyòk. Pwopozisyon sa yo ap chanje pwosesis pou itilizasyon espas piblik, kontra vil la, pwojè sekirite lari, pwopriyete vil la ak espas Fonksyon, pèmi konstriksyon, ak rezèv finansye vil la.
Pi ba gen rezime senk nan pwopozisyon yo, ki gen ladan l ki sa yo chak ap chanje epi ki sa yon vòt "Wi" oswa "Non" ap vle di.
Rezime Pwopozisyon ki sou Bilten Vòt yo
Sa w ap wè sou bilten vòt la
Senplifye pwosesis pou itilize espas piblik la pou mete bagay tankou ranp, po flè, ak ti restoran, lè nou retire zafè odyans obligatwa yo ak pwosedi refi Konsèy la konsènan ti restoran bò twotwa yo, pandan n ap konsidere patisipasyon kominote a ak Konsèy la.
Yon vòt "wi" akselere pwosesis pou itilize espas piblik la pandan n ap konsidere patisipasyon kominote a.
Yon vòt "non" konsève yon pwosesis ki pi long kote gen odyans piblik obligatwa pou itilize espas piblik epi fè Konsèy la egzamine ti restoran bò twotwa yo.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pwopozisyon sa a ap chanje fason Vil Nouyòk pèmèt yo itilize twotwa ak lari yo pou estrikti deyò tankou ranp aksesiblite, ban, poto elektrik, abri pou bis, ak ti restoran deyò.
Kounye a, mèt pwopriyete ak pwopriyetè antrepriz ki vle itilize espas piblik la dwe jwenn yon otorizasyon nan Vil la, ki rele "konsantman revokab". Premyèman, yo soumèt aplikasyon yo bay Depatman Transpò (Department of Transportation, DOT) oswa Biwo Teknoloji ak Inovasyon (Office of Technology and Innovation, OTI). Apresa, ajans lan dwe òganize yon odyans piblik, epi aplikan an dwe peye pou pibliye anons nan jounal lokal yo. Yo dwe mete Komisyon Kominotè yo, Manm konsèy yo, ak Prezidan Awondisman yo okouran tou. Pou ti restoran bò twotwa yo sitou, Konsèy Minisipal la kapab vote pou rejte pèmi an menm apre DOT fin apwouve li. Vil la ka anile otorizasyon sa yo nenpòt ki lè, epi moun ki gen pèmi yo peye yon frè anyèl.
Selon pwopozisyon an, odyans piblik yo ap vin pa obligatwa, sa vle di anpil aplikasyon kapab rapousuiv san youn. Yo ap toujou mete Komisyon Kominotè, Manm konsèy yo, ak Prezidan Awondisman yo ap okouran de aplikasyon an epi yo kapab soumèt kòmantè bay DOT oswa OTI, men yo ap pase mwens etap revizyon fòmèl. Moun k ap aplike pou pèmi yo p ap peye pou anons nan jounal ankò, men yo ap toujou pibliye avi yo nan Jounal Ofisyèl Vil la, ki se piblikasyon ofisyèl Vil la ki la pou avi piblik yo. Y ap trete ti restoran bò twotwa yo menm jan ak tout lòt konsantman revokab yo, sa ki retire otorite Konsèy Minisipal la pou rejte pèmi sa yo.
Nouvo pwosesis apwobasyon an ak zafè retire odyans ak egzamen obligatwa a ap kòmanse 1ye mas 2027 epi yo p ap aplikab pou petisyon yo deja soumèt yo.
Sa w ap wè sou bilten vòt la
Diminye fòmalite administratif pou kontraktè minisipal yo nan otorize Komisyon ki Responsab Politik Mache Piblik yo senplifye kesyonè kontraktè yo. Egzije Komisyon ki Responsab Politik Mache Piblik yo reyini chak twa mwa. Retire zafè odyans obligatwa a pou rapò sèvis kliyantèl ki nesesè a.
Yon vòt "wi" ap modifye otorite Komisyon ki Responsab Politik Mache Piblik yo, tankou senplifye kesyonè kontraktè yo. Li otorize Majistra a delege kèk apwobasyon kontra.
Yon vòt "non" p ap chanje lwa a, epi l ap pèmèt Majistra a ak Kontwolè a konsève kesyonè ki pi long lan.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pwopozisyon sa a ap chanje pwosesis kontra Vil la, ki kontwole fason Vil la rekrite antrepriz ak òganizasyon san bi likratif pou bay byen ak sèvis. Epitou, l ap mande pou Komisyon ki Responsab Politik Mache Piblik yo (Procurement Policy Board, PPB), ki fikse règ pou kontra Vil la, fè reyinyon regilyèman.
Pou kounye a, pwochen kontraktè yo dwe ranpli menm kesyonè detaye a, Biwo Majistra a pou Sèvis Kontra yo (Mayor's Office of Contract Services, MOCS) ak Kontwolè a gen nan men yo, kèlkeswa valè kontra a. Selon pwopozisyon sa a, PPB ap detèmine sa ki nan kesyonè a epi li ap ka diminye egzijans pou kèk kontraktè, tankou ti kontraktè yo oswa kontra ki gen mwens valè yo. Pou franchiz ak konsesyon yo, Komite Egzamen Franchiz ak Konsesyon an ap gen menm otorite a.
Ajans ki bay kontra pou sèvis dirèk tankou abri, pwogram fòmasyon pwofesyonèl, ak sèvis pou jèn yo dwe kounye a elabore yon plan anyèl pou kontra sa yo. Selon pwopozisyon sa a, ajans sa yo p ap oblije òganize yon odyans piblik sou plan preliminè yo a ankò, men yo ap toujou bezwen pibliye yon plan final chak ane.
Kounye a, Biwo Majistra a kapab delege otorite pou apwouve kontra bay Responsab Anchèf Kontra nan Ajans lan, men se pa pou kèk kontra ki depase 5 milyon dola. Pwopozisyon sa a ap pèmèt Biwo Majistra a delege apwobasyon kontra sa yo tou, avèk apwobasyon Komisè ajans lan.
Selon lwa Eta a, kounye a Vil la kapab aksepte kòmantè piblik sou kèk kontra ki gen plis valè yo olye pou l òganize yon odyans piblik an pèsòn. Selon pwopozisyon an, opsyon sa a ap vin pèmanan nan lwa Vil la, epi PPB ap deside valè kontra a kote yon peryòd kòmantè piblik nesesè.
Finalman, PPB a pa oblije reyini regilyèman kounye a, e pwopozisyon sa a ap egzije yo pou yo reyini omwen yon fwa chak twa mwa.
Kalandriye reyinyon PPB a ap antre an vigè nan mwa 1ye janvye 2027, epi yo ta gen otorizasyon pou yo deside valè kontra a kote yon peryòd kòmantè piblik nesesè apati mwa 1ye oktòb 2030. Tout lòt dispozisyon yo ap antre an vigè imedyatman apre sètifikasyon apwobasyon elektè a.
Sa w ap wè sou bilten vòt la
Senplifye egzamen pwojè sekirite lari yo pou diminye delè konstriksyon yo. Akselere jesyon byen imobilye minisipal yo pa itilize yo avèk apwobasyon Komisyon Ibanis lan. Akselere zafè lokasyon biwo a pou anplwaye minisipal yo.
Yon vòt "wi" ap senplifye pwosedi apwobasyon pwojè wout la, jesyon byen imobilye nan Vil la, ak lokasyon biwo.
Yon vòt "non" ap fè toujou gen chita pale ant ajans yo pou pwojè wout yo, la fè Konsèy la toujou dwe bay apwobasyon pou jesyon byen imobilye nan Vil la, epi l ap fè li ka toujou refize lokasyon biwo yo.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pwopozisyon sa a ap chanje pwosesis apwobasyon Vil la nan twa domèn diferan: gwo pwojè transpò tankou liy bisiklèt ak reyamenajman wout, lavant oswa lokasyon kèk byen imobilye Vil la posede, epi Vil la ap kapab achte espas biwo pou anplwaye li yo.
Kounye a, anvan yo mete sou pye gwo pwojè transpò, tankou ajoute oswa retire liy bisiklèt ak bis, Depatman Transpò (Department of Transportation, DOT) la dwe mete fonksyonè lokal ki eli yo ak Komisyon Kominotè a okouran epi pale avèk Lapolis, Ponpye, Biwo Majistra a pou Moun ki gen Andikap, ak Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz yo. Nan kèk ka ki limite kote pwoblèm sekirite piblik yo mande aksyon imedya, pwopozisyon sa a ta klarifye lwa ki egziste deja a ki di DOT kapab kòmanse travay anvan li enfòme fonksyonè ki eli yo ak komisyon kominotè a, lè DOT twouve pwojè a nesesè selon done sekirite yo. Mete sou sa, erè teknik yo oswa chita pale ki pa fèt yo pa ta yon motif valab pou kanpe yon pwojè.
Pifò lavant oswa lokasyon byen imobiliye ki pou Vil la kounye a egzije pou Depatman Sèvis Administratif pou Tout Vil la (Department of Citywide Administrative Services, DCAS) tanmen yon pwosesis sèt mwa, ki rele Pwosedi Inifòm pou Egzamine Itilizasyon Tè (Uniform Land Use Review Procedure, ULURP). Selon pwopozisyon sa a, lavant oswa lokasyon pi piti teren ak dwa devlopman sou sit enpòtan ki pou Vil la ap itilize yon pwosesis egzamen ki pi kout, depi pwojè a pa mande yon deklarasyon enpak anviwònmantal. Pwosesis sa a ki pi kout, ki rele Pwosedi Akselere pou Egzamine Itilizasyon Tè (Expedited Land Use Review Procedure, ELURP), pèmèt Komisyon Kominotè a ak Prezidan Awondisman yo fè yon egzamen an menm tan epi Komisyon Ibanis la pran yon desizyon final, san Konsèy Minisipal la pa fè egzamen final. Epitou, pwopozisyon an ap fòmalize yon pwogram ki pèmèt Vil la vann tè ki pa ka devlope bay pwopriyetè ki toupre yo san pase nan lavant ozanchè piblik. Finalman, pwopozisyon an ap retire yon odyans piblik obligatwa nan pwosesis la lè gen plis pase de lane ki pase apre Konsèy la fin apwouve lavant oswa akizisyon yon byen.
Kounye a, lè Vil la ap chèche achte oswa lwe espas biwo pou anplwaye yo, pwopozisyon an dwe pase nan yon pwosesis ki mande pou enfòme Komisyon Kominotè lokal la ak toulèsenk Prezidan Awondisman yo, yon odyans piblik ak yon vòt Komisyon Ibanis la, epi yon egzamen Konsèy Minisipal la ki gen pouvwa pou dezapwouve avèk yon vòt de tyè. Pwopozisyon sa a ap retire egzijans pou odyans lan ak apwobasyon Konsèy Minisipal la ak Komisyon Ibanis la. Depreferans, Komisyonè DCAS la ap sètifye akizisyon an epi fè Komisyon Kominotè lokal la, manm Konsèy Minisipal la, ak Prezidan Awondisman an konnen sa alavans. Apre zafè akizisyon an fin regle, DCAS ap mete Konsèy Minisipal la ak Kontwolè a okouran tou.
Pifò chanjman yo ap kòmanse tousuit apre sètifikasyon apwobasyon elektè a, eksepte otorizasyon pèmanan pou vann tè ki pa ka devlope yo, ki ap kòmanse nan dat 31 desanm 2030.
Sa w ap wè sou bilten vòt la
Kreye yon sant pèmi konstriksyon santralize pou senplifye zafè jwenn pèmi an. Retire zafè bay pèmi pou bòdmè a nan men Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz yo mete l nan men Depatman Konstriksyon. Pèmèt plis responsab Depatman Konstriksyon bay apwobasyon pou zafè konstriksyon.
Yon vòt "wi" senplifye zafè bay pèmi an nan otorize yon sant pèmi santralize, li lage zafè bay pèmi pou bòdmè a nan men Depatman Konstriksyon, epi li pèmèt plis responsab nan Depatman Konstriksyon bay apwobasyon.
Yon vòt "non" kenbe lwa a jan li ye a.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pwopozisyon sa a ap chanje fason Vil Nouyòk jere zafè konstriksyon ak zafè bay pèmi ak apwobasyon pou konstriksyon. L ap otorize plis responsab ajans apwouve pwojè konstriksyon yo, kreye yon sistèm pèmi konstriksyon santralize, epi lage zafè bay pèmi konstriksyon pou bòdmè a nan men Depatman Kontriksyon (Department of Buildings, DOB).
Kounye a, Komisyonè DOB a kapab sèlman nonmen yon kantite limite responsab ki kapab apwouve dokiman konstriksyon yo. Pwopozisyon sa a ap pèmèt Komisyonè a nonmen plis responsab ki gen pouvwa sa a, ogmante kantite responsab ki gen otorizasyon pou apwouve pèmi yo. Nan Ak Konstititif la, yo ap rele Direktè Awondisman yo Komisyonè Awondisman pou reflete tit yo genyen kounye a.
Kounye a, kandida k ap chèche pèmi konstriksyon yo dwe soumèt dokiman bay plizyè ajans minisipal atravè sistèm ki separe. Selon pwopozisyon sa a, DOB ap oblije devlope yon sèl sistèm santralize pou soumèt aplikasyon pou pèmi epi resevwa apwobasyon nan anvan 2030, epi tout ajans minisipal yo ap oblije itilize sistèm sa a.
Pou fini, kounye a, Depatman Sèvis pou Ti Antrepriz yo (Department of Small Business Services, SBS) ap jere zafè bay pèmi konstriksyon pou sèten estrikti bò lanmè, tankou bilding maritim yo. Selon pwopozisyon sa a, responsablite sa a ap soti nan men SBS pou ale nan men DOB, men pèmi ak apwobasyon ki egziste deja yo ap rete menm jan an.
Chanjman sa yo ap kòmanse tousuit apre sètifikasyon apwobasyon elektè a, eksepte pou transfè pèmi konstriksyon bòdmè a, ki ap kòmanse nan dat 31 desanm 2030, oswa lè yo adopte yon nouvo kòd pou estrikti bòdmè epi li antre an vigè.
Sa w ap wè sou bilten vòt la
Fikse yon kantite lajan sib pou kenbe nan fon rezèv la, ki gen ladan yon fon rezèv pou fè fas ak pwoblèm lajan sanzatann nan ane k ap vini yo, epi egzije devlopman yon metodoloji pou kalkile Kontribisyon yo.
Yon vòt "wi" egzije pou Majistra a devlope yon metodoloji pou kalkile depo lajan ki fèt nan fon ijans rezèv la, epi depo yo dwe apwouve nan kad bidjè Vil la.
Yon vòt "non" p ap chanje lwa a, epi p ap gen okenn objektif ki fikse pou fon rezèv la.
Kisa pwopozisyon sa a vle di
Pwopozisyon sa a ap fikse objektif ekonomi pou Fon Rezèv Vil la epi li ap egzije pou Vil la pibliye yon plan ki eksplike fason li ajoute kòb nan fon an.
Nan lane 2019, elektè yo te apwouve kreyasyon yon Fon Rezèv, ki pèmèt Vil la ekonomize lajan pou itilize pandan kriz ekonomik, ijans, oswa bès resèt sanzatann yo. Sepandan, kounye a pa gen okenn obligasyon pou ekonomize yon montan patikilye chak ane.
Pwopozisyon sa a ap fikse yon objektif ki se kenbe yon balans minimòm ki egal ak omwen 12% nan resèt fiskal Vil la pou ane ki sot pase a nan Fon Rezèv la oswa lòt rezèv fon yo. Anvan me 2027, Biwo Jesyon ak Bidjè, nan chita pale avèk Kontwolè a, ap pibliye yon plan ki eksplike fason pou moun fè depo lajan lè fon an poko atenn objektif montan ki fikse a. Yo ap mete metodoloji a ajou nan mwa me 2030 epi chak ka lane apresa. Depo yo kapab fèt sou plizyè ane oswa yo kapab sote yo lè gen difikilte finansye epi yo ap toujou bezwen apwobasyon Majistra a ak Konsèy Minisipal la atravè pwosesis bidjè anyèl nòmal la.
Epitou, pwopozisyon an ap ajoute nan lwa Vil la yon fason pèmanan yon egzijans Eta ki limite retrè yo a 50% nan fon an sof si Majistra a sètifye egzistans yon rezon fiskal ijan.
Chanjman sa yo ap kòmanse tousuit apre sètifikasyon apwobasyon elektè a.