Luke kenbe yon mikwofòn nan yon evènman nan Cups Cafe nan Brooklyn​​ 
Partenarya, Eleksyon​​  23 Jen 2026​​ 

23 Jen 2026​​ 

Pa Gabriela Okhuysen ak Madonna Hernandez, Editoryal​​ 

Demokrasi mache sèlman lè tout moun gen aksè ladan l. Travay Luke Messina, Kowòdonatè Prensipal pou Aksesiblite nan NYC Votes, vize asire chak Nouyòkè gen aksè ak zouti, materyèl ak enfòmasyon yo bezwen pou yo patisipe totalman nan chak eleksyon.​​ 

Travay li, antanke manm ekip Patenarya ak Sansibilizasyon an, chita nan kafou dwa moun ki gen andikap, angajman sivik ak devlopman kominotè.​​ 

Kit l ap ogmante resous pou vote an bray, ranfòse patenarya nan kominote moun andikape nan Nouyòk la, oswa ap ede dirije yon Gwoup Resous pou Anplwaye li te fonde, travay Luke gen yon kwayans senp ki gide l: tout moun merite pou yo enkli yo.​​  

Aksesiblite Kòmanse avèk Enklizyon​​  

Antanke Kowòdonatè Prensipal pou Aksesiblite, wòl Luke konsantre sou de domèn kle: etabli relasyon avèk òganizasyon kominote moun andikape toupatou nan vil la epi asire aksesibilite entegre nan pwogram NYC Votes yo depi nan kòmansman.​​ 

"Aksesiblite kòm fondasyon" se fason Luke dekri apwòch la. Olye li ajoute aranjman apre sa, li travay pou asire prezantasyon, atelye, evènman ak efò sansibilizasyon yo fèt avèk aksesiblite nan lespri li depi premye jou a.​​ 

Travay la trè pèsonèl: "Mwen pa t janm vle pèsonn santi yo poukont yo, santi yo mete yo sou kote, oswa yo deranje lòt moun sèlman paske yo vle patisipe nan yon bagay tout lòt moun ap fè. Kit se lekòl, demokrasi, espò oswa nenpòt lòt bagay."​​ 

Pandan l t ap grandi epi l t ap fè fas ak defi pou viv ak disleksi ak opresyon pote,​​  Luke te souvan santi yo mete l sou kote nan eksperyans anpil lòt moun te konsidere kòm bagay nòmal. Eksperyans sa yo kontinye fòme fason li wè bagay yo jodi a.​​ 

Mwen pa t janm vle pèsonn santi yo poukont yo, santi yo mete yo sou kote, oswa deranje lòt moun sèlman paske yo vle patisipe nan yon bagay tout lòt moun ap fè. Kit se lekòl, demokrasi, espò oswa nenpòt lòt bagay.​​ 

Manm pèsonèl yo devan yon pano kolorye ki ekri: Deaf Asian Street Festival (Festival Lari Kominote Azyatik Soud la)​​ 

Luke avèk ekip la nan Festival Lari Azyatik pou Moun Soud yo.​​ 

 

Pèspektiv sa a gide travay li nan NYC Votes.​​ 

"Lè yo toujou mete moun sou kote nan eleksyon yo, li vin trè fasil pou gouvènman an inyore pwoblèm yo," Luke te esplike. "Asire moun gen aksè ak enfòmasyon epi yo gen aksè pou vote se [yon bagay esansyèl pou] tout lòt bagay." ​​ 

Transfòme Aksesiblite an Aksyon​​  

Pandan ane yo, Luke te ede fè plizyè inisyativ aksesiblite avanse nan NYC Votes, men gen yon pwojè ki demake l.​​ 

Li te jwe yon wòl enpòtan na kreye premye materyèl pou elektè an bray ajans lan, sa ki te ede elektè ki gen pwoblèm vizyon jwenn enfòmasyon yo bezwen nan fòma ki pi aksesib pou yo. Pwosesis sa a te gen ladan l enprime plizyè santèn kat bray alamen epi transpòte yo toupatou nan vil la pou asire patnè yo te resevwa enfòmasyon enpòtan sa yo sou eleksyon.​​ 

Li te rekonèt rekonesans manm kominote yo te montre pou inisyativ sa a, men li te minimize pwòp efò li epi li te pito mete aksan sou moun nan kominote a: "Moun yo te kontan anpil," li sonje. "Yo t ap remèsye m san rete pou yon bagay ki sanble trè senp. Men, se pa t reyèlman viktwa pa m—se te viktwa patnè nou yo. Yo te fè pledwaye pou sa pandan lontan."​​ 

Pou Luke, moman konsa yo montre ankò enpòtans pou koute moun w ap sèvi yo epi reponn ak bezwen yo. Li di: "Anpil moun pa konnen yo gen dwa vote an prive epi poukont yo. Gen zouti ki disponib, men anpil Nouyòkè tou senpleman pa konnen yo." Sa rete youn nan pi gwo move konsepsyon sou aksesiblite nan vote: anpil moun pa konnen dwa ak resous ki disponib pou yo.​​ 

Anpil moun pa konnen yo gen dwa vote an prive epi poukont yo. Gen zouti ki disponib, men anpil Nouyòkè tou senpleman pa konnen yo.​​ 

 

Pou lavni, Luke espere kontinye ogmante enfòmasyon aksesib pou elektè yo, tankou plis resous  an bray, plis kontni nan Lang Siy Ameriken (ASL), ak patenarya ki pi solid avèk kominote moun andikape toupatou nan vil la.​​ 

"Plis yon popilasyon piti, se plis li fasil pou yo pa jwenn enfòmasyon n ap bay yo," li te di. "Nou dwe kontinye evolye epi vin pi kreyatif."​​  

Luke pran yon selfie avèk kat lòt manm pèsonèl NYC Votes k ap sèvi kòm volontè nan yon evènman.​​ 

Li pran yon ti moman pou l souri nan yon evènman kominotè.​​ 

Fyète, Andikap ak Prezans​​ 

Angajman Luke anvè enklizyon depase travay li nan aksesiblite, atravè patisipasyon li nan Ultraviolet, Gwoup Resous pou Anplwaye (ERG) LGBTQ+ NYC Votes.​​ 

Antanke ko-fondatè gwoup la, Luke te ede òganize evènman Fyète, pwogram edikatif ak patisipasyon NYC Votes nan Brooklyn Pride, ki vin tounen yon tradisyon chak ane epi ki elaji nan tout ajans lan pou manm ki pa nan ERG a tou.​​ 

"Mwen patisipe nan òganizasyon LGBTQ+ depi lekòl segondè," li te di. "Kèlkeswa kote m ale, mwen  panse: 'Ann òganize nou.'"​​ 

Pou Luke, gen lyen enpòtan ant kominote moun ki gen andikap ak kominote LGBTQ+ yo.​​ 

"Toude se kominote ki te oblije goumen—epi ki kontinye goumen—pou yo mete yo ladan," li te esplike.​​ 

Li fè remake tou toude eksperyans yo souvan mande pou moun fonksyone nan espas ki pa t fèt okòmansman avèk kominote sa yo nan lespri li.​​ 

"Pafwa, moun pa rann yo kont yo fè pati yon kominote pandan lontan," Luke te di. "Epi toudenkou, w ap eseye jwenn kominote pa w, adapte w ak nouvo eksperyans, epi konprann ki kote ou gen plas ou."​​ 

Espas entèseksyonèl yo enpòtan anpil pou kreye koneksyon atravè eksperyans lavi ki sanble.​​ 

"Sa bèl pou gen yon espas kote ou ka selebre tout idantite ou yo," li te di.​​  

Luke ap dirije yon evènman kominotè.​​ 

Jwenn Enspirasyon ak Espwa​​    

Lè yo te mande l kisa ki ba li espwa, Luke pa t ezite.​​ 

"Anpil bagay," li te di. "Mwen gen chans pou m bò kote anpil moun ki, malgre tout bagay, deyò a ap fè travay la."​​ 

Kit l  ap patisipe nan evènman kominotè, rankontre patnè, oswa pale avèk elektè yo, Luke di  moun  li rankontre toupatou nan Vil Nouyòk toujou enspire l.​​ 

"Moun yo janti anpil. Yo amikal. Yo vle sa  ki pi bon pou tèt yo ak pou lòt moun."​​ 

Epi lè yo te mande Luke pou l dekri apwòch li nan travay la ak yon sèl mo, li te chwazi youn ki byen reprezante filozofi li:​​ 

"Sensè."​​ 

Pou Luke, kominote se pou wè sitou ak prezan pou—tèt ou ak pou lòt moun. Li kontinye: "Kominote se yon desizyon ou pran avèk lòt moun pou rejte tout sa ki nan wout ou ki anpeche w ansanm avèk lòt moun. Alafen, se sou sa tout bagay la chita. Senpleman ansanm avèk lòt moun."​​ 

"Gen anpil bagay nan sosyete nou an ki eseye rale nou lwen koneksyon sensè avèk lòt moun," li te di. Men travay Luke ap fè nan kominote sa yo ede rasanble tout moun pito.​​  

Kominote se yon desizyon ou pran avèk lòt moun pou rejte tout sa ki nan wout ou ki anpeche w ansanm avèk lòt moun. Alafen, se sou sa tout bagay la chita. Senpleman twouve w ansanm avèk lòt moun.​​ 

Nouvèl ki lye​​