Travayè nan biwo vòt k ap prezante yon Aparèy pou Make Bilten Vòt, avèk opsyon NO (NON) an wouj ak YES (WI) an vèt​​ 

Dwa pou Vote​​ 

Si ou gen yon andikap oswa yon responsab legal, sa pa retire dwa ou pou vote.Si w ap enskri pou vote pou premye fwa, vizite  paj Moun k ap Vote pou Premye Fwa nou an pou aprann sou kalifikasyon elektè ak enskripsyon. Si ou deja enskri, paj sa a eksplike opsyon vòt aksesib ki disponib pou ou.​​ 

 

Vote an Pèsòn ak yon Aparèy pou Make Bilten Vòt​​ 

Aparèy pou make bilten vòt (BMD) yo disponib nan tout biwo vòt pou ede elektè yo ranpli bilten vòt yo pandan vòt alavans ak Jou Eleksyon an. Aparèy sa yo kapab itil pou elektè ki gen pwoblèm vizyon oswa ki gen yon andikap oswa kondisyon ki fè li difisil oswa enposib pou yo make yon bilten vòt ak plim. Nenpòt elektè kapab mande pou itilize yon BMD.​​ 


Ou kapab itilize yon BMD pou wè bilten vòt ou sou yon ekran, koute chwa ou yo atravè kas ekoutè, oswa tradui bilten vòt ou nan lòt lang. Si ou ta renmen itilize yon BMD, jis mande yon travayè nan biwo vòt!​​ 


Aparèy la bay kat fason pou make Bilten Vòt ou a:​​ 

  • Ekran tòtch​​ 
  • Aparèy pou soufle​​ 
  • Klavye (Bray)​​  
  • Manèt a baskil​​  

Aparèy pou Make Bilten Vòt​​ 

Konsèy Elektoral Vil Nouyòk eksplike kijan pou itilize fonksyon ki sou aparèy pou make bilten vòt yo.​​ 

Mande yon Bilten Vòt Aksesib nan Vil Nouyòk​​ 

Si ou gen pwoblèm vizyon oswa ou pa kapab make yon bilten vòt sou papye, ou kapab vote pa lapòs. Yo kapab li bilten vòt aksesib yo avèk yon lektè ekran epi ranpli sou yon òdinatè. Ou kapab mande yon bilten vòt aksesib nan men Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la.​​ 


Ou kapab itilize pwòp teknoloji adaptatif pa ou pou make epi enprime bilten vòt aksesib ou lakay ou. Pou vote ak yon bilten vòt aksesib, ou dwe enprime bilten vòt ou anvan ou retounen li bay Konsèy Elektoral la.​​ 

Ou Bezwen yon Bilten Vòt Aksesib?​​ 

Kesyon Yo Poze Souvan sou Vòt Aksesib​​ 

Èske tout biwo vòt nan vil nouyòk aksesib?​​ 

Wi! Konsèy Elektoral NYC a asire l tout biwo vòt nan vil la aksesib pou tout elektè yo pandan peryòd vòt alavans lan ak nan Jou Eleksyon an. Si w gen nenpòt pwoblèm ak biwo vòt ou a, ou ka kontakte Konsèy Elektoral (Board of Elections) la nan 1-866-Vote-NYC (212-487-5496).​​ 

Mwen gen yon responsab legal. Èske mwen toujou kapab enskri epi vote nan Vil Nouyòk?​​ 

Wi. Lè ou gen yon responsab legal, sa pa otomatikman anpeche ou enskri oswa vote nan Vil Nouyòk. Ou kenbe dwa pou vote sof si yon lòd tribinal deklare klèman ou pa kapab vote.​​  

E si mwen pa ka ale nan biwo vòt mwen akoz andikap mwen?​​ 

Si andikap ou anpeche ou ale nan biwo vòt ou, ou kapab vote lakay ou avèk yon bilten vòt pa lapòs. Si maladi oswa andikap ou pèmanan, ou kapab aplike nan Konsèy Elektoral la pou estati absan pèmanan, sa k ap pèmèt ou resevwa otomatikman yon aplikasyon pou yon bilten vòt pou elektè ki absan nan chak eleksyon.​​ 

Èske yon travayè nan biwo vòt oswa yon zanmi kapab ede m make bilten vòt mwen?​​ 

Wi. Ou kapab vini ak yon moun pou ede ou vote depi moun sa a pa patwon ou oswa reprezantan sendika ou. Ou kapab mande yon travayè nan biwo vòt ede ou tou.​​ 

Resous Ki Gen Rapò​​ 

Vòt Aksesib nan Vil Nouyòk​​ 

Biwo Vòt Aksesib​​ 

Yo revize tout biwo vòt Vil Nouyòk yo pou konfòmite ak Lwa sou Ameriken ki gen Andikap yo pou asire lokal yo gen antre aksesib, ranp, siy ak ekipman vòt pou tout elektè yo.​​ 

Asistans pou Vote​​ 

Ou gen dwa vini ak yon moun pou ede ou nan izolwa a, oswa ou kapab mande asistans nan men travayè nan biwo vòt sou plas yo.​​ 

Aparèy pou Make Bilten Vòt​​ 

Aparèy pou make bilten vòt (BMD) yo disponib nan tout biwo vòt pou ede elektè ki gen pwoblèm vizyon oswa lòt andikap make bilten vòt yo an prive.​​ 

Enskri pou ou vote​​ 

Ou kapab enskri pou vote nan Vil Nouyòk nenpòt laj epi pre-enskri anvan ou gen 18 lane. Sa pran sèlman senk minit pou enskri sou entènèt ak TurboVote.​​ 

Mande yon bilten vòt aksesib​​ 

Ou kapab mande yon bilten vòt aksesib nan men Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la.​​