Vote nan Lang Ou
Ou pa bezwen pale anglè pou vote nan Vil Nouyòk.Si ou kalifye pou vote, ou gen dwa pou resevwa asistans lang lè w ap depoze bilten vòt ou. Si w ap enskri pou premye fwa, vizite paj Mounk ap Vote pou Premye Fwa nou an pou aprann sou kalifikasyon elektè ak enskripsyon.
Bilten Vòt ki Tradui ak Entèprèt sou Plas
Vil Nouyòk pran angajman pou rann vòt aksesib pou tout rezidan yo. Dapre lalwa, bilten vòt ak lòt materyèl pou vote yo tradui an Bengali, Chinwa, Koreyen, ak Panyòl nan sèten sit biwo vòt ki baze sou Done Resansman lokal yo. Anplis, Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk la bay entèprèt sou plas ak asistans pou lang nan lang sa yo ak lòt lang ankò, tankou arab, kreyòl ayisyen, ris ak yidich, nan kèk biwo vòt atravè vil la.
Ou ka jwenn ki biwo vòt ki ofri entèprèt nan chak lang sou sitwèb Komisyon pou Angajman Sivik (Civic Engagement Commission) la. Si ou bezwen asistans nan lang nan yon biwo vòt, ou gen dwa vini ak pwòp entèprèt ou, depi moun sa a pa patwon ou oswa reprezantan sendika ou.
Pou plis enfòmasyon sou efò nou yo, li atik nou an: Travay NYC Votes ap fè pou rann vòt aksesib nan plizyè lang.
Lis Verifikasyon Anvan Ou Vote
Prepare pou Jou Eleksyon an
- Tcheke estati enskripsyon elektè ou ak kote biwo vòt ou ye davans.
- Chèche ki asistans nan lang ki disponib nan biwo vòt espesifik ou sou sitwèb Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk la.
- Konnen dwa ou: Ou gen dwa pou jwenn asistans nan lang Jou Eleksyon an.
Jwenn asistans nan lang nan biwo vòt yo
- Mande yon travayè nan biwo vòt pou yon entèprèt sou plas oswa yon travayè biwo vòt bileng nan lang yo sipòte nan biwo vòt ou a (bengali, chinwa, koreyen, panyòl, plis lòt tankou arab, kreyòl ayisyen, ris ak yidich).
- Ou gen dwa vini ak yon moun (ki pa patwon ou oswa ajan sendika ou) pou ede tradui oswa entèprete pou ou.
- Si asistans nan lang pa disponib imedyatman, raple travayè nan biwo vòt la dwa ou genyen pou jwenn asistans epi mande pou pale ak yon sipèvizè.
Aksè nan Lang pou Elektè nan Vil Nouyòk
Èske mwen bezwen pale anglè pou m vote nan Vil Nouyòk?
Non, ou pa bezwen pale anglè pou vote nan Vil Nouyòk. Kapasite ou pou pale oswa li anglè pa afekte kalifikasyon ou pou enskri oswa vote, depi ou satisfè tout lòt kritè kalifikasyon estanda yo. Ou gen dwa pou mande epi resevwa asistans nan lang.
Ki asistans nan lang ki disponib nan biwo vòt Vil Nouyòk mwen an?
Asistans nan lang varye selon biwo vòt la. Ou kapab resevwa bilten vòt ki tradui ak materyèl vòt an bengali, chinwa, koreyen ak panyòl. Anplis, anpil biwo vòt gen entèprèt sou plas nan lang sa yo ak lòt lang tankou arab, kreyòl ayisyen, ris ak yidich, Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk la bay.
Èske yon moun kapab ede m tradui pandan m ap vote?
Wi, ou gen dwa vini ak yon moun nan biwo vòt la pou ede ou tradui oswa entèprete, depi moun sa a pa patwon ou oswa ajan sendika ou. Ou kapab mande asistans tou nan men yon travayè nan biwo vòt oswa yon entèprèt yo bay nan biwo vòt la.
E si kote mwen vote a pa ofri lang mwen an?
Ou kapab toujou resevwa èd epi vote. Ou kapab mande yon travayè nan biwo vòt pou Aparèy pou Make Bilten Vòt (BMD), ki ofri lòt opsyon lang sou demann. Oswa, ou kapab toujou vini ak yon moun ou fè konfyans pou ede tradui pou ou.
Resous Ki Gen Rapò
- Tcheke estati enskripsyon ou: Ou kapab konnen si ou enskri pou vote sou entènèt oswa lè ou rele Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la nan 1-866-868-3692.
- Jwenn biwo vòt ou: Chèche kote biwo vòt ou ye epi gade yon echantiyon bilten vòt atravè Konsèy Elektoral Vil Nouyòk la.
- Vote nan lang ou: Gade yon videyo Komisyon pou Angajman Sivik Vil Nouyòk la sou kijan pou vote nan lang ou prefere a.
- Konprann dwa pou vote ou: Jwenn plis enfòmasyon sou dwa ou kòm elektè, tankou dwa ou nan biwo vòt la.