Moun k ap Vote pou Premye Fwa nan Vil Nouyòk
Èske w ap vote pou premye fwa? Kit w ap enskri pou premye eleksyon ou oswa w ap vote pou premye fwa nan Vil Nouyòk, paj sa a ap gide w nan tout sa ou bezwen pou kòmanse. Aprann kiyès ki ka enskri, kijan pou enskri, dat limit enpòtan yo, ak sa pou w atann anvan ou vote.
Kiyès ki Ka Enskri pou Vote?
Anvan ou enskri, asire ou satisfè egzijans kalifikasyon elektè Nouyòk yo.
Pou enskri pou vote nan Vil Nouyòk, ou dwe:
- Yon sitwayen ameriken
- Abite nan Vil Nouyòk depi omwen 30 jou anvan eleksyon an
- Gen 18 lane nan dat eleksyon primè, espesyal oswa jeneral la (men ou kapab enskri davans lè ou gen 16 oswa 17 lane)
- Pa nan prizon kounye a pou yon kondanasyon pou krim grav
- Pa dwe reklame dwa pou vote okenn lòt kote
Kijan pou w Enskri pou vote
Yon fwa ou konfime ou satisfè kritè ki anwo yo, ou kapab enskri pou vote ak youn nan metòd sa yo.
Pou enskri pou vote pou premye fwa, ou kapab:
Dat limit enskripsyon elektè pou Vil Nouyòk:
- Eleksyon primè: Enskri 10 jou anvan eleksyon an
- Eleksyon jeneral: Enskri 25 jou anvan eleksyon an
- Pou Eleksyon Jeneral 3 novanm 2026 la:
Dènye jou pou enskri pou vote an pèsòn se 24 Oktòb 2026 Yo dwe resevwa aplikasyon pou enskri pa lapòs yo dwe anvan 24 Oktòb 2026
- Pou Eleksyon Jeneral 3 novanm 2026 la:
Kesyon Moun k ap Vote pou Premye Fwa Poze Souvan
Kijan mwen kapab tcheke estati enskripsyon elektè mwen apre mwen fin soumèt li?
Ou kapab verifye fasil si yo trete enskripsyon ou an epi tcheke estati aktyèl ou sou sitwèb Konsèy Elektoral Eta Nouyòk la. Estati ou ap mete ajou yon fwa yo fin revize epi aksepte aplikasyon ou an. Tcheke enskripsyon elektè ou nan: https://amiregistered.vote.nyc/.
Èske mwen oblije vote nan Vil Nouyòk pou chak fonksyon ki sou bilten vòt la?
Non, ou pa oblije vote pou chak fonksyon oswa kandida ki parèt sou bilten vòt la. Ou kapab chwazi vote sèlman pou kous elektoral ou vle yo, epi y ap toujou konte bilten vòt ou pou chwa sa yo.
E si mwen ale vote nan biwo vòt la pou premye fwa epi yo pa gen non mwen?
Si non ou pa nan rejis pou vote a, ou ta dwe mande yon bilten vòt sou sèman. Sa a se yon bilten vòt sou papye ki pèmèt ou vote pwovizwaman. Yon responsab Konsèy Elektoral ap revize li apre Jou Eleksyon an pou detèmine si ou te kalifye pou vote.
Resous Ki Gen Rapò
- Vòt Alavans: Jwenn enfòmasyon sou vote alavans an pèsòn oswa pa lapòs.
- Vote pa lapòs: Gade kijan pou mande yon bilten vòt pa lapòs epi vote pa lapòs nan Vil Nouyòk.
- Vote pa Chwa Preferansyèl: Konprann kisa vòt chwa klase ye ak kilè yo itilize li nan eleksyon Vil Nouyòk yo.
- Dwa pou vote: Chèche konnen dwa ou kòm elektè, tankou dwa moun ki gen yon kondanasyon kriminèl oswa pou krim grav.